Chèche yon mo pou wè definisyon ak egzanp.
Anfòm (Adjektif)
Definisyon: Moun ki an bòn sante, ki gen enèji oswa ki santi l trè byen.
Egzanp: "Kouman ou ye jodi a? Mwen anfòm anpil!"
Bonjou (Salitasyon)
Definisyon: Fòm salitasyon moun itilize nan maten pou rive nan mitan xounen an.
Egzanp: "Bonjou tout moun, swete nou gen yon bon xounen!"
Bonswa (Salitasyon)
Definisyon: Fòm salitasyon moun itilize nan apremidi ak nan aswè.
Egzanp: "Bonswa fanmi an, kijan aswè a ye?"
Byenvini (Politès)
Definisyon: Formil pou akèyi yon moun ak koutazi.
Egzanp: "Byenvini nan lakay nou!"
Fi (Non)
Definisyon: Yon moun ki de sèks feminen.
Egzanp: "Fi sa a se yon bon doktè."
Frè (Non)
Definisyon: Moun ki gen menm manman oswa menm papa ak ou (maskilen).
Egzanp: "Frè m nan ap etidye syans."
Gason (Non)
Definisyon: Yon moun ki de sèks maskilen.
Egzanp: "Gason sa a ap travay nan lekòl la."
Granmoun (Non)
Definisyon: Yon moun ki gen anpil laj oswa ki majè.
Egzanp: "Nou dwe gen respè pou granmoun."
Manman (Non)
Definisyon: Parent feminen yon timoun.
Egzanp: "Manman m fè yon bon manje."
Mèsi (Politès)
Definisyon: Ekspresyon pou montre rekonesans lè yon moun rann ou yon sèvis.
Egzanp: "Mèsi anpil pou tout èd ou ban mwen nan pwojè a."
Moun (Non)
Definisyon: Yon fòm vivan imen (gason oswa fi).
Egzanp: "Gen anpil moun nan fèt la."
Non (Advèb)
Definisyon: Mo pou di pa dakò oswa nege yon bagay.
Egzanp: "Non, mwen pa ka ale jodi a."
Orevwa (Politès)
Definisyon: Formil moun itilize lè y ap separe.
Egzanp: "N a wè demen, orevwa!"
Padon (Politès)
Definisyon: Mande scuse pou yon erè oswa yon fòt ki fèt.
Egzanp: "Padon, mwen pa t fè sa espre."
Papa (Non)
Definisyon: Parent maskilen yon timoun.
Egzanp: "Papa m ap travay nan lavil la."
Sè (Non)
Definisyon: Moun ki gen menm manman oswa menm papa ak ou (feminen).
Egzanp: "Sè m nan gen dizwitan."
Tanpri (Politès)
Definisyon: Mo yo itilize pou mande yon bagay avèk respè ak politès.
Egzanp: "Tanpri, ede m konprann mo sa a."
Timoun (Non)
Definisyon: Yon ti moun ki poko rive nan nivo granmoun.
Egzanp: "Timoun yo ap jwe nan lakou a."
Wi (Advèb)
Definisyon: Mo pou di dakò oswa afime yon bagay.
Egzanp: "Wi, mwen konprann leson an."
Zanmi (Non)
Definisyon: Moun ou gen yon bon relasyon afeksyon ak konfyans ak li.
Egzanp: "Li se pi bon zanmi m."