Leson 3: Tan Vèb yo ak Konstriksyon Fraz nan Lang Kreyòl

Nan leson sa a, ou pral dekouvri kijan konstriksyon vèb yo fonksyone nan lang Kreyòl Ayisyen an. Kontrèman ak lòt lang ki gen konjigezon konplike, kreyòl la sèvi ak ti mo endikatè (makè tanporèl) pou montre si yon aksyon ap fèt nan presan, nan pase, oswa nan fiti.


Nan lang kreyòl, vèb la pa janm chanje fòm. Li toujou rete an enfinitif. Se ti mo ou mete devan vèb la ki endike tan aksyon an.

  • Egzanp vèb « Manje »:
    • Presan abityèl: Mwen manje.
    • Pase: Mwen te manje.
    • Fiti: Mwen pral manje.

Ja men ti mo ki pi enpòtan ou dwe konnen yo:

  • ap (oswa ‘p) – Endike yon aksyon ki sou pye an tan reyèl.
    • Egzanp: M’ap li yon liv. (Mwen ap li…)
    • Egzanp: L’ap travay sou sit la.
    • Egzanp: M’ap aprann kreyòl ayisyen.
  • te – Endike yon aksyon ki fini nan tan pase.
    • Egzanp: Nou te rive yè swa.
    • Mwe te travay yè.
    • Mwen te vwayaje nan bato.
  • te ap (t’ap) – Endike yon aksyon ki t ap fèt nan yon moman nan pase a.
    • Egzanp: Li t’ap koute mizik lè m rantre a.
    • Li t’ap dòmi lè m tap pale a.
  • pral (oswa va / a) – Endike yon aksyon ki pral fèt nan tan k ap vini an.
    • Egzanp: Mwen pral prepare kous la.
    • Egzanp: N’a wè pita!
    • Mwen pral travay demen maten

Pou ou fè yon fraz negatif nan lang kreyòl, ou jis ajoute mo « pa » devan vèb la oswa devan ti mo endikatè tan an.

  • Presan: Mwen pa konprann.
  • Pase: Li pa te (pa t’) vini.
  • Fiti: Yo pa pral pati jodi a.

  1. Vèb kreyòl la pa gen konjigezon tankou franse oswa panyòl.
  2. Toujou mete ti mo endikatè a (ap, te, pral) dwat devan vèb la.
  3. Pou negasyon, mete « pa » anvan tout lòt mo yo.

Egzèsis Pratik: Teste Konesans Ou!

1. Kijan vèb yo chanje lè n ap konjige yo nan lang Kreyòl Ayisyen?



2. Ki ti mo nou itilize pou yon aksyon k ap fèt kounye a an tan reyèl?



3. Kote mo negasyon « pa » a dwe plase nan yon fraz?



Retour en haut