LivHaiti se yon platfòm edikatif dijital ki fèt pou pèmèt tout moun, kèlkeswa kote yo ye sou la tè, aprann, konprann epi met lang ak kilti Kreyòl Ayisyen an valè yon fason ki senp, modèn epi entèaktif.

Misyon Nou!

Misyon nou se fè lang Kreyòl Ayisyen an gen pi plis valè sou entènèt la ak nan mond lan. Nou kreye yon espas edikatif ki fasil pou itilize, kote etranje, manm diaspora a, ak tout moun ki renmen Ayiti ka jwenn kous, egzèsis, ak resous ki ap ede yo metrize lang lan ak tout bon gramè li.

Vizyon Nou

Nou vle wè LivHaiti vin prensipal referans ak Akademi Dijital pou ansèyman Kreyòl Ayisyen an nan mond lan. Nou kwè lang lan se yon pyès santral nan idantite n, epi nou vle bay tout moun zouti modèn pou yo ka konvèse ak konprann Kreyòl la san okenn difikilte.

Poukisa w dwe chwazi Akademi LivHaiti?

  • Leson ki Senp e estriktire: Kous nou yo fèt ak yon pedagoji ki klè pou nenpòt moun ka kòmanse depi nan nivo debitan rive nan nivo avanse.
  • Pratik ak Egzèsis Entèaktif: Nan fen chak leson, ou jwenn ti egzèsis pou ou teste ak konfime konesans ou an tan reyèl.
  • Aksè Gratis e Rapid: Sit la fèt pou l chaje trè rapid sou telefòn mobil tankou sou òdinatè, pou w ka etidye nenpòt kote ou ye.

Angajman Nou anviwon Kominote a

LivHaiti pa sèlman yon sit entènèt; se yon pwojè kiltirèl ak edikatif pou ranfòse fòmasyon ak aprantisaj lang manman nou an. N ap kontinye devlope nouvo modil, diksyonè, ak resous pou kominote kreyolofòn nan ak tout moun ki vle antre nan linivè ayisyen an.

Ou pare pou w kòmanse vwayaj sa a ak nou?

Kòmanse Etidye Kounye a klike nan lyen an.

Retour en haut