Leson 4: Salitasyon, Formil Politès ak Konvèsasyon de Baz

Nan leson sa a, ou pral aprann pi bon mo ak fraz pou salye moun, montre politès, epi fè premye ti konvèsasyon yo nan yon anviwònman kreyolofòn.


Men fason moun yo salye selon moman nan xounen an:

  • Bonswa – Yo itilize l depi apre midi rive nan aswè (li sèvi tou kòm salitasyon jeneral).
  • Bonjou – Yo itilize l nan maten rive bò midi.
  • Sakapfèt? / Ki jan ou ye? – Fason enfòmèl pou mande yon moun kouman l ye.
  • Mwen anfòm / N ap boulòt – Repons kouran pou di ou byen.

  • Tanpri – Pou mande yon bagay avèk respè.
  • Mèsi anpil – Pou di yon moun mèsi.
  • Padekwa / Pa gen pwoblèm – Repons lè yon moun di w mèsi.
  • Eskize m / Padon – Pou mande eskiz oswa pou atire atansyon yon moun.

Jan: Bonjou! Ki jan ou rele?
Mari: Bonjou! Mwen rele Mari. E ou menm?
Jan: Mwen rele Jan. Mwen kontan fe konesans ou, Mari!
Mari: Mwen kontan tou, Jan. N a revwa!

Egzèsis Pratik: Teste Konesans Ou!

1. Ki salitasyon yo itilize nan apremidi ak nan aswè?



2. Kijan ou reponn lè yon moun di w « Mèsi anpil »?



Retour en haut