Byenvini sou WanamGo
WanamGo se yon platfòm dijital ki konekte kliyan, restoran ak livrè pou rann livrezon manje pi fasil, pi rapid ak pi serye.
Nou kòmanse nan Wanament, ak objektif pou sipòte restoran lokal yo epi ofri kliyan yo yon fason senp pou kòmande manje depi lakay yo oswa kote yo ye.
Nou kwè teknoloji ka ede devlope ekonomi lokal la, kreye travay, epi amelyore eksperyans kliyan yo.
Misyon nou.
Ofri yon sèvis livrezon manje ki senp, rapid ak serye pandan n ap sipòte restoran ak antreprenè lokal yo.
Vizyon nou.
Vin platfòm livrezon manje ki pi fè konfyans ann Ayiti, epi elaji sèvis nou yo nan tout peyi a.
Valè nou.
Konfyans
Respè
Rapidite
Inovasyon
Satisfaksyon kliyan
