Mètrise Tan Vèb yo nan Lang Kreyòl!
Nan leson sa a, ou pral dekouvri kijan konstriksyon vèb yo fonksyone nan lang Kreyòl Ayisyen an. Kontrèman ak lòt lang ki gen konjigezon konplike, kreyòl la sèvi ak ti mo endikatè (makè tanporèl) pou montre si yon aksyon ap fèt nan presan, nan pase, oswa nan fiti.
1. Prensip Jeneral Konjigezon an
Nan lang kreyòl, vèb la pa janm chanje fòm. Li toujou rete an enfinitif. Se ti mo ou mete devan vèb la ki endike tan aksyon an.
- Egzanp vèb « Manje »:
- Presan abityèl: Mwen manje.
- Pase: Mwen te manje.
- Fiti: Mwen pral manje.
2. Ti Mo Endikatè yo (Makè Tanporèl yo)
Ja men ti mo ki pi enpòtan ou dwe konnen yo:
A. Aksyon k ap fèt kounye a (Kounye a / Kontinye)
- ap (oswa ‘p) – Endike yon aksyon ki sou pye an tan reyèl.
- Egzanp: M’ap li yon liv. (Mwen ap li…)
- Egzanp: L’ap travay sou sit la.
- Egzanp: M’ap aprann kreyòl ayisyen.
B. Aksyon ki te fèt deja (Pase)
- te – Endike yon aksyon ki fini nan tan pase.
- Egzanp: Nou te rive yè swa.
- Mwe te travay yè.
- Mwen te vwayaje nan bato.
- te ap (t’ap) – Endike yon aksyon ki t ap fèt nan yon moman nan pase a.
- Egzanp: Li t’ap koute mizik lè m rantre a.
- Li t’ap dòmi lè m tap pale a.
C. Aksyon ki gen pou fèt (tan fiti)
- pral (oswa va / a) – Endike yon aksyon ki pral fèt nan tan k ap vini an.
- Egzanp: Mwen pral prepare kous la.
- Egzanp: N’a wè pita!
- Mwen pral travay demen maten
3. Negasyon nan Fraz yo (Kijan pou di « Non »)
Pou ou fè yon fraz negatif nan lang kreyòl, ou jis ajoute mo « pa » devan vèb la oswa devan ti mo endikatè tan an.
- Presan: Mwen pa konprann.
- Pase: Li pa te (pa t’) vini.
- Fiti: Yo pa pral pati jodi a.
4. Rezime ak Konsèy pou Pratik
- Vèb kreyòl la pa gen konjigezon tankou franse oswa panyòl.
- Toujou mete ti mo endikatè a (ap, te, pral) dwat devan vèb la.
- Pou negasyon, mete « pa » anvan tout lòt mo yo.